
<< Sòm 124 >> Psalm 124 Haitian Creole Bible | |
1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,
3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.
4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.
5 Wi, lavalas ta pote nou ale.
6 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.
7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
<< Psalm 124 >> Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative
Biblos.com Online Bible |