Sòm 123

<< Sòm 123 >>
Psalm 123 Haitian Creole Bible
 

1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

2 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.

3 Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

4 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.


<< Psalm 123 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible