Job 11
Haitian Creole Bible

1Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

2-Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.

3Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

4Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!

5Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!

6Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?

8Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?

9Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.

10Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?

11Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

12Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.

13Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.

14Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.

15Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.

16W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.

17Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.

18Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.

19Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

20Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 10
Top of Page
Top of Page