Job 12
Haitian Creole Bible

1Jòb pran lapawòl, li di:

2-Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!

3Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.

4Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.

5Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.

6Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.

7Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.

8Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.

9Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.

10Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.

11Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.

12Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.

13Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.

14Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.

15Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.

16Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.

17Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.

18Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.

19Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!

20Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.

21Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.

22Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.

23Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.

24Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.

25Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 11
Top of Page
Top of Page