Song of Solomon 5
Haitian Creole Bible

1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!

2Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze.

3Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m' mete rad sou mwen ankò? M' gen tan lave pye m'. Ou ta vle m' mete yo atè ankò?

4Mennaj mwen pase men l' nan twou pòt la. Tout san nan kò m' mache.

5Lamenm, mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m'. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.

6Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m' te santi m' ap mouri lè m' te tande l' ap pale a! M' chache l', m' pa jwenn li! M' rele l', li pa reponn!

7Gad k'ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m'. Yo bat mwen, yo toufounen m'! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.

8Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen!

9Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?

10Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (10.000) gason.

11Figi l' gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou.

12De je l' yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de kivèt lèt.

13De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant.

14Men l' yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi.

15Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.

16Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Song of Solomon 4
Top of Page
Top of Page