Sòm 93

<< Sòm 93 >>
Psalm 93 Haitian Creole Bible
 

1 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.

2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.

3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.

4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.

5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.


<< Psalm 93 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible