Sòm 82

<< Sòm 82 >>
Psalm 82 Haitian Creole Bible
 

1 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.

2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?

3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.

5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!

6 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.

7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.

8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.


<< Psalm 82 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible