
<< Sòm 64 >> Psalm 64 Haitian Creole Bible | |
1 (64:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (64:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
2 (64:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
3 (64:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
4 (64:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
5 (64:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
6 (64:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
7 (64:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
8 (64:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
9 (64:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
10 (64:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.
<< Psalm 64 >> Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative
Biblos.com Online Bible |