Sòm 61

<< Sòm 61 >>
Psalm 61 Haitian Creole Bible
 

1 (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

2 (61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

3 (61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

4 (61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

5 (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

6 (61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

7 (61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.

8 (61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.


<< Psalm 61 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible