Sòm 149

<< Sòm 149 >>
Psalm 149 Haitian Creole Bible
 

1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

6 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!


<< Psalm 149 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible