Sòm 140

<< Sòm 140 >>
Psalm 140 Haitian Creole Bible
 

1 (140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,

2 (140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.

3 (140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

4 (140:5) Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.

5 (140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.

6 (140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.

7 (140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.

8 (140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!

9 (140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!

10 (140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.

11 (140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.

12 (140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

13 (140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.


<< Psalm 140 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible