Sòm 113

<< Sòm 113 >>
Psalm 113 Haitian Creole Bible
 

1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!

2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.

3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!

4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.

5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.

6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.

7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.

8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.

9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!


<< Psalm 113 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible