Sòm 100

<< Sòm 100 >>
Psalm 100 Haitian Creole Bible
 

1 Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

2 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

3 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.

4 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!

5 Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.


<< Psalm 100 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible