Job 40
Haitian Creole Bible

1Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

2-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?

3Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa:

4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.

5Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.

6Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l':

7 -koulye a, kanpe!Mete gason sou ou!Mwen pral poze ou keksyon, Se pou ou reponn mwen.

8Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

9Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?

10Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!

11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!

12Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!

13Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.

14Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.

15Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.

16Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li.

17Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.

18Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.

19Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba.

20Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.

21Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.

22Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.

23Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.

24Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 39
Top of Page
Top of Page