Job 36
Haitian Creole Bible

1Eliyou pran pale ankò, li di konsa:

2-Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye.

3Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon.

4Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.

5Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.

6Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.

7Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo.

8Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo,

9Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.

10Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.

11Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.

12Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.

13Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.

14Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.

15Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.

16Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.

17Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.

18Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!

19Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la.

20Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo.

21Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.

22Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.

23Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.

24Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.

25Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.

26Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.

27Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.

28Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè.

29Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.

30Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.

31Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.

32Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.

33Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 35
Top of Page
Top of Page