Job 31
Haitian Creole Bible

1Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

2Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?

3Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.

4Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?

5Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?

6Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.

7Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,

8se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.

9Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,

10se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.

11Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.

12Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.

13Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,

14kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?

15Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.

16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.

17Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.

18Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.

19Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,

20mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.

21Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,

22enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.

23Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.

24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.

25Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.

26Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.

27Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.

28Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.

29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.

30Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.

31Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.

32Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.

33Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.

34Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.

35Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

36mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.

37Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.

38Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,

39si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,

40enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 30
Top of Page
Top of Page