Job 27
Haitian Creole Bible

1Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:

2-Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a,

3toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou,

4mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.

5Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.

6Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont.

7Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.

8Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?

9Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?

10Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.

11Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.

12Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?

13Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.

14Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.

15Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.

16Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen,

17se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.

18Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.

19Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.

20Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.

21Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.

22Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'.

23Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 26
Top of Page
Top of Page