Jòb 25

<< Jòb 25 >>
Job 25 Haitian Creole Bible
 

1 Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

2 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.

3 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.

4 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?

5 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.

6 Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?


<< Job 25 >>
Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative

Biblos.com Online Bible