Job 20
Haitian Creole Bible

1Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:

2-Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.

3Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.

4Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,

5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.

6Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,

7y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.

8Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.

9Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.

10Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.

11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.

12Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.

13Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.

14Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.

15Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.

16Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.

17Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.

18L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.

19Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.

20Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.

21Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.

22Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.

23Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.

24Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.

25Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.

26Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.

27Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.

28Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.

29Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 19
Top of Page
Top of Page