Ezekiel 48
Haitian Creole Bible

1Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan. 2Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a. 3Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 4Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a. 5Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan. 6Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan. 7Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.

8Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan. 9Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a.

10Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a. 11Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo. 12Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a. 13Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. 14Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt.

15Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'. 16Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò. 17Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè. 18Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la. 19Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a. 20Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.

21Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'. 22Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.

23Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an. 24Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an. 25Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a. 26Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an. 27Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la. 28Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane. 29Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.

30Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. 31L'a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi. 32Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann. 33Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon. 34Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali. 35Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (10.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Ezekiel 47
Top of Page
Top of Page