2 Thessalonians 3
Haitian Creole Bible

1Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. 2Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m' anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè. 3Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan. 4Seyè a fè m' gen konfyans nan nou: li ban m' lasirans n'ap fè sa m' te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l' tou. 5Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.

6Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou. 7Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou. 8Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn. 9Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. 10Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis. 11M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. 12Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou. 13Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen.

14Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont. 15Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.

16Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.

17Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri. 18Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

2 Thessalonians 2
Top of Page
Top of Page