1 Kings 11
Haitian Creole Bible

1Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. 2Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. 3Salomon te marye ak sètsan (700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. 4Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. 5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 6Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. 7Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 8Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo.

9Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon, 10atout li te ba li lòd pou li pa sèvi bondye lòt nasyon yo, Salomon pa t' koute Seyè a, li pa swiv lòd li yo. 11Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou. 12Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an. 13Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li.

14Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon. 15Men istwa Adad: Lontan sa, nan tan David t'ap fè lagè ak peyi Edon, Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a. 16Joab rete sis mwa nan peyi a ansanm ak tout lame a jouk yo fin touye dènye gason ladan l'. 17Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l' ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l'. Y' ale nan peyi Lejip. 18Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l' rete ak yon pòsyon tè pou l' travay. Lèfini li ba li manje. 19Adad sitèlman vin bon zanmi farawon an, farawon an pran bèlsè li, sè larenn Takpènès, li bay Adad li pou madanm. 20Madan Adad fè yon pitit gason yo te rele Genoubat. Larenn Takpenès fè elve Genoubat nan palè a kote li grandi ansanm ak tout pitit wa yo. 21Lè nouvèl lanmò David ak lanmò Joab rive nan peyi Lejip, tonbe nan zòrèy Adad, Adad di farawon an konsa: -Kite m' tounen nan peyi m'. 22Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'.

23Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a. 24Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas. 25Pandan tout rèy wa Salomon, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri.

26Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa. 27Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'. 28Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo. 29Yon jou, Jewoboram te fèk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo. 30Akija wete rad nèf ki te sou li a, li chire l' fè douz moso. 31Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou. 32Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan. 33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la. 34Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo. 35Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen. 36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a. 37Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a. 38Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou. 39Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan. 40Se poutèt sa Salomon te soti pou l' touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri.

41Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann. 42Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan. 43Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

1 Kings 10
Top of Page
Top of Page